Accessibility links

Breaking News
Azi

Yon Elikoptè Lame Japon Tonbe nan Lanmè ak 10 Pasaje


Premye Minis Japone Fumio Kishida (a dwat) pale ak jounalis yo sou disparisyon yon elikopte lame Japonez, nan Tokyo, 6 Avril 2023.
Premye Minis Japone Fumio Kishida (a dwat) pale ak jounalis yo sou disparisyon yon elikopte lame Japonez, nan Tokyo, 6 Avril 2023.

Lame Japon kwè yon elikoptè ki tap transpote 10 militè ki disparèt tonbe nan lanmè sou pre rejyon sid peyi a, apre yo jwenn kek moso avyon an nan zon nan.

Direktè Fos Oto-Defans la, Yasunori Morishita, di elikoptè Black Hawk la disparèt sou rada a Jedi apremidi pandan yon misyon rekonesans o nò zile Miyako.

Gouvènman Japonè a ap travay di pou kore kapasite defansiv li a nan sidwès la pou li ka reponn aktivite agresiv Lachin nan zòn sa a.

Morishita di elikoptè a te soti nan yon baz rejyonal lame a, ki se yon baz kle, e ke pami 10 manm ekipaj la te genyen komandan divizyon an.

XS
SM
MD
LG