Accessibility links

Breaking News

Macron Mande Xi nan Lachin pou 'Ede Larisi Rejwenn Bon Sans li'


中国国家主席习近平在北京会晤到访的法国总统马克龙。(2023年4月6日)
中国国家主席习近平在北京会晤到访的法国总统马克龙。(2023年4月6日)

Peken (AP) — Prezidan fransè Emmanuel Macron lanse apèl bay lidè Chinwa Xi Jinping pou mande li sèvi ak enfliyans Peken genyen pou "ede Larisi rejwenn bon sans li" epi ede jwenn yon "lapè dirab" nan Ikrèn.

Macron lonje dwèt sou sipò ke Lachin bay Chart Nasyonzini an, ki mande pou respekte teritwa yon peyi, ansanm ak sipò li pou akò nikleyè yo.

Xi te jwenn yon akèy chofe bò kote Prezidan Ris Vladimir Putin lè li te vizite Moskou mwa pase.

Peken te chache parèt kòmkwa li pa chwazi kan nan konfli a e li te mande yon sese-l-fe ak chita pale pou lapè.

Macron di Xi "mwen konnen mwen ka konte sou ou" pou "mete Larisi nan bon sans li epi fè tout moun tounen bò tab negosyasyon an."

Xi pa te pale de Ikrèn oswa Larisi men li di li akeyi relasyon ak Lafrans.

XS
SM
MD
LG