Accessibility links

Breaking News

Etazini ap bay Ikrèn 2.6 milya dola èd militè


Russia Ukraine War Military Aid
Russia Ukraine War Military Aid

WASHINGTON (AP) — Administrasyon Biden nan di Etazini pral voye bay Ikrèn apeprè $500 milyon dola minisyon ak ekipman epi depanse plis pase $2 milya dola pou achte yon seri minisyon, rada ak lòt zam pou peyi sa a nan lavni.

Dènye èd sa a vini nan moman kote twoup Ikrenyen yo ap prepare yon ofansif kont fòs Larisi yo e pandan minis afè etranjè Òganizasyon Trete Nò Atlantik (OTAN) ap diskite sou fason alyans militè a ka ogmante sipò li pou Ikrèn.

Sekretè Deta Antony Blinken di anpil nan minisyon yo pral soti nan sa ki deja nan depo lame a pou yo ka rive nan zòn lagè a byen vit.

XS
SM
MD
LG