Accessibility links

Breaking News

Larisi Lanse Egzèsis ak Fòs Misil Nikleyè li yo


Russia Military
Russia Military

MOSCOU (AP) — Lame Ris ap fè egzèsis ak fòs misil estratejik li yo pou montre gwo kapasite nikleyè peyi a.

Ministè Defans Ris la di Mèkredi ke lans misil mobil Yars pral fè mannèv nan 3 rejyon nan Siberi.

Ministè a pa pale de okenn plan pou pratike lansman men li di manèv yo enplike apeprè 300 machin ak 3,000 sòlda nan lès Siberi.

Egzèsis la ap dewoule kèk jou apre Prezidan Ris Vladimir Putin te anonse yon plan pou deplwaye zam nikleyè taktik nan Byelorisi, ki sou fwontyè Larisi ak Ikrèn.

XS
SM
MD
LG