Accessibility links

Breaking News

Belaris Di Presyon Politik ak Ekonomik ki Soti Bò Kote Oksidan Pouse li Resevwa Zam Nikleyè Ris sou Teritwa li


BÉLARUS-VOTE-LUKACHENKO
BÉLARUS-VOTE-LUKACHENKO

Belaris fè konnen jodi madi a presyon politik ak ekonomik ki soti bò kote Etazini, Grand Bretay, l-OTAN ak Inyon Ewòp la te pouse li resevwa zam nikleyè ris sou teritwa li. Li di li fè sa pou pwòp sekirite li ak pou amelore kapasite defans li, se sa ministè afè etranjè Belaris la di nan yon kominike.

Belaris ajoute ke plan LaRisi pou estasyone zam nikleyè taktik nan Belaris la pa pwal fèt kont akò entènasyonal pou anpeche zam nikleyè gaye sou tè a, e ke gouvènman Belaris la p ap gen kontwòl zam yo.

Putin te anonse Samdi l ap deplwaye zam nikleyè taktik yo, kote li di li te oblije fè sa akoz loksidan ki ap ogmante sipò militè pou Ikrèn, antwòt desizyon Grand Bretay, semèn pase a, pou voye bay Ikrèn boulèt ki ka pèse machin blende e ki gen iranyòm apovri.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy gen pou li patisipe madi nan yon reyinyon sou entènèt ke Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken ap dirije, pou li pale de sa li wè kòm chimen pou yon lapè dirab.

XS
SM
MD
LG