Accessibility links

Breaking News

PDG TikTok la ap Temwaye Devan Kongrè Etazini


Shou Zi Chew, PDG applikasyon popile Chinwa TikTok la pandan yon odisyon devan yon komite Kongre Etazini nan Washington, 23 Mas, 2023.
Shou Zi Chew, PDG applikasyon popile Chinwa TikTok la pandan yon odisyon devan yon komite Kongre Etazini nan Washington, 23 Mas, 2023.

Direktè applikasyon popilè TikTok la, ap fè yon parèt wo pwofil Jedi devan yon komite Kongrè Etazini pou esplike poukisa yo pata dwe entèdi app la, ki popilè anpil anpil.

Shou Zi Chew ap temwaye nan yon moman kritik pou konpayi a, ki ranmase 150 milyon abone Ameriken men kap fè fas ak anpil presyon bo kote responsab Etazini yo ki gen kè sote sou pataj done itilizatè yo ak kestyon sekirite.

Anvan odisyon an li te pale ak jounalis yo:

"Nou gen kek pawol anvan nou antre. Nou tre kontan patisipe nan odisyon sa a. Gen anpil mezantant pa rapo ak konpayi nou e mwen tre fye pou m vin Washington epi reprezante nou ak tout itilizate aplikasyon an Ozetazini. Kounyea mwen pral pran 4 angajman pa rapo ak komisyon sa a jodia ak tout itilizate nou yo Ozetazini. Premye bagay nou pral priyorize sekirite sitou pou tinedje yo. Epi nou pral kenbe sa kom priyorite nimewo un. Dezyemman nap tabli yon miray dife pou pwoteje done Ameriken yo pou okenn etranje pa gen akse ak li. Twazyeman nap pran angajman pou n kenbe TikTok kom lye kote gen libete - libete ekspresyon san okenn manipulasyon gouvenmantal. Epi 4em bagay nou pran angajman vizavi transparans e nou dako pou yon antite endepandan veye sa pou nou. Nou pral ba yo akse pou ke yo ka rann nou responsab pou angajman nap pran yo. Mesi anpil. Ma we nou andan an."

TikTok ak konpayi ki pwopriyetè li, ByteDance mele nan yon batay geyo-politik ki mete Peken ak Washington dozado sou kestyon komès ak teknoloji.

Chew, ki gen 40 an e ki te pran nesans nan Sengapou, ap fè yon parèt piblik ki ra anpil pou l eseye kontre pakèt akizasyon moun ap lanse kont TikTok.

XS
SM
MD
LG