Accessibility links

Breaking News

Poukisa TikTok kontinye bay laperèz pou Rezon Sekirite


TikTok标识和美国国旗
TikTok标识和美国国旗

Lachin akize Etazini kòmkwa li ap gaye fo enfòmasyon sou aplikasyon Tiktok la, pandan gen nouvèl ki fè konnen administrasyon Biden nan mande pou Bytedance ki se pwopriyetè app Chinwa TikTok la vann aksyon li ki nan konpayi an.

Deklarasyon Ministè Afè Etranjè Lachin nan se yon lòt repons pou efò ki ap fèt Ozetazini pou mete restriksyon sou enfliyans aplikasyon an genyen.

TikTok rejte kritik ki sou do li depi lontan kòmkwa li ap pran enfòmasyon sou moun ki sèvi ak li - tankou kote moun yo ye, anprent yo – pou bay gouvènman Chinwa a.

Pa gen okenn prèv ki montre TikTok transmit enfòmasyon sa yo, men administrasyon Biden nan gen anpil laperèz parapò ak enfòmasyon ke app la kolekte sou pakèt moun ki sèvi ak li yo.

XS
SM
MD
LG