Accessibility links

Breaking News

Etazini: Chanm Depite Etazini an Pase yon Pwojè Lwa pou Entèdi TikTok Nan Peyi A


FILE PHOTO: Illustration shows TikTok app logo
FILE PHOTO: Illustration shows TikTok app logo

Yon pwojè lwa ki ta entèdi konplètman TikTok Ozetazini fè yon pa enpòtan nan Kongrè Etazini an Mèkredi pase.

Repibliken Michael McCaul, te pwopoze tèks la, ki ap bay Prezidan Biden otorite pou konplètman entèdi TikTok Ozetazini.

Komisyon Afè Etranjè Chanm Depite a adopte pwojè lwa a ak vòt Repibliken sèlman, pou fè kwè ke platfòm nan ki gaye videyo sou entènèt la se yon menas pou sekirite nasyonal peyi a.

Yo pè pou Peken pa gen aksè ak enfòmasyon sou moun ki sèvi ak TikTok.

TikTok pwoteste kont mezi sa a. TikTok gen dè santèn milyon moun Ozetazini ki sèvi ak li.

Pou pwojè lwa sa pase konplètman, li dwe al nan Chanm Depite a, answit nan Sena a.

Prezidan Joe Biden ka toujou mete veto sou li, men semèn pase a, Mezon Blanch te bay enstitisyon federal yo 30 jou pou wete aplikasyon an sou tout aparèy mobil gouvènman an.

XS
SM
MD
LG