Accessibility links

Breaking News

Pari: Manifestan ki Kont Refòm Pansyon yo Bloke Tèminal Ayewopò Charles de Gaulle la


FRANCE-PENSIONS/AIRPORT
FRANCE-PENSIONS/AIRPORT

Travayè fransè fache pou yon ogmantasyon nan laj pou yon sitwayen kapab pran pansyon e yo bloke aksè nan yon tèminal nan ayewopò Roissy-Charles De Gaulle nan Pari jedi 23 mas nan kad yon jounen manifestasyon ki ap fèt nan tout peyi a, sa ki fòse kèk vwayajè pran pye yo pou ale nan ayewopò a.

Videyo ki sou rezo sosyal yo montre manifestan yo, anpil nan yo ak yon gilet wouj sou yo, ki kenbe drapo ak bandwòl pandan yo rasanble andedan tèminal la.

Manifestan yo te rasanble tou deyò bilding ayewopò a nan nevyèm jou grèv ki ap fèt nan tout peyi a kont refòm nan sistèm pansyon an.

Manifestasyon ap fèt kont chanjman sa yo, ki ajoute 2 lane sou laj pansyon sitwayen yo, soti nan 62 lane pou mete li 64, kidonk sitwayen yo dwe travay 2 lane anplis pou yo ka jwenn tout lajan pansyon yo. Desizyon sa gouvènman Macron an pran an rale gwo foul moun nan yon seri manifestasyon san kanpe nan tout peyi a, ke sendika yo òganize depi janvye.

Pifò manifestasyon yo fèt nan lapè, men kòlè pèp la monte depi semèn pase apre gouvènman an te pase pwojè lwa a an gwo ponyèt san fè li pase nan palman an.

XS
SM
MD
LG