Accessibility links

Breaking News

Yon Palmantè Ameriken Kritike Dosye Dwa Moun Lachin Devan Anbasad li


Depite Mike Gallagher (Repibliken Wisconsin) asiste yon rankont pou komemore revolt Tibeten an kont rejim Chinwa a devan anbasad Lachin nan Washington, 10 Mas, 2023.
Depite Mike Gallagher (Repibliken Wisconsin) asiste yon rankont pou komemore revolt Tibeten an kont rejim Chinwa a devan anbasad Lachin nan Washington, 10 Mas, 2023.

Depite Repibliken ki nan tèt yon Komisyon Espesyal Lachanm ki gen kom bi pou kontre Lachin pa mete dlo nan bouch li pou l kritike gouvènman kominis Peken an.

Depite Mike Gallagher, ki reprezante eta Wisconsin nan Lachanm pote mesaj li devan Anbasad Lachin nan Washington Vandredi, pandan yon manifestasyon pou komemore revolt ane 1959 Tibeten an kont rejim Chinwa a, ki te echwe.

Rankont la dewoule jou ke moun konnen sou non Jounen Nasyonal Revolt Tibeten an e li fèt nan moman tansyon ant Etazini ak Lachin kontinye ap ogmante.

Gallagher souliyen ke pèson pa vle fè lagè ak Lachin poutèt Taiwan ni okenn lot kesyon men malerezman Washington oblije pran mezi "ki fè sans" pou kontre agresyon Lachin.

XS
SM
MD
LG