Accessibility links

Breaking News

Lachin Kritike Nouvo Komisyon Lachanm Depite Etazini kap Travay pou Kontrekare Peken


Potpawol Ministe Afe Etranje Chinwa a Mao Ning pandan yon konferans pou lapres nan Peken, 1 Mas, 2023.
Potpawol Ministe Afe Etranje Chinwa a Mao Ning pandan yon konferans pou lapres nan Peken, 1 Mas, 2023.

Lachin kritike Lachanm dè Reprezantan Etazini ki deziye yon nouvo komisyon ki pral travay pou kontrekare Peken.

Lachin egzije pou manm komisyon sa a "voye jete ideyoloji yo a ak mantalite zewo-som Lagè Fwad yo a."

Yon pòt pawòl ministè afè etranjè Chinwa a di Komisyon Lachanm kap travay sou Pati Kominis Chinwa a dwe "wè Lachin ak relasyon ant Etazini ak Lachin yon fason objektif ak rasyonèl.

Li ajoute nouvo komisyon an dwe sispann prezante Lachin tankou yon menas pou Etazini epi sispann denigre pati Kominis la pou make pwen politik, pandan ke relasyon ant Lachin ak Etazini ap soufri.

Komisyon an komanse travay Madi ak yon odisyon piblik nan lè pwent kote plis Ameriken ap gade televizyon, kote direktè a mande palmantè yo aji an tout ijans. Li ankadre konpetisyon an Lachin ak Etazini kom "lit egzistansyèl sou kisa lavi a pral ye nan 21èm syèk la."

XS
SM
MD
LG