Accessibility links

Breaking News

Etazini: Mezon Blanch Apiye Yon Pwojè Lwa Pou Mete Entèdiksyon Sou TikTok


Tiktok လူမူကြန္ရက္ App ႏွင့္ အေမရိကန္အလံေနာက္ခံပံု
Tiktok လူမူကြန္ရက္ App ႏွင့္ အေမရိကန္အလံေနာက္ခံပံု

Mezon Blanch deklare ke li sipòte lejislasyon ke plizyè senatè pwopoze Madi ki ap bay administrasyon an pouvwa pou entèdi aplikasyon videyo TikTok sou teritwa ameriken an.

Dapre yo app mobil Chinwa a ak lòt teknoloji ki soti nan peyi etranje reprezante menas pou sekirite nasyonal peyi a.

Konsa vin gen plis palmantè ki vle deside sou sò app mobil popilè sa ke plis pase 100 milyon Ameriken itilize.

"100 milyon Ameriken, 90 minit pa jou..."

Senatè Demokrat Mark Warner, ki te prezide Komisyon Ransèyman an, deklare ke pwojè lwa a bay Depatman Komès kapasite pou enpoze restriksyon ki ka rive nan entèdiksyon sou aplikasyon tankou TikTok ak lòt teknoloji tou.

Warner kontinye pou l di lejislasyon sila ap aplikab tou pou teknoloji etranje ki soti nan peyi Lachin, Larisi, Kore di Nò, Iran, Venezyela ak Kiba.

Konpayi TikTok, nan yon deklarasyon li fè soti, di ke nenpòt "entèdiksyon yo mete sou aplikasyon an nan Etazini se yon entèdiksyon li ye sou ekspòtasyon kilti Ameriken toupatou nan mond la."

The bill would require the Commerce Secretary to identify and address foreign threats to information and communications technology products and services.

Lejislasyon an ap mande tou pou Sekretè Komès la idantifye e abòde menas etranje kont enfòmasyon, ansanm ak pwodui ak sèvis ke teknoloji kominikasyon bay nan peyi a.

Warner di ke li enpòtan pou gouvènman an fè plis pou montre pi klè pou kisa yo kwè Tik Tok se yon danje pou sekirite nasyonal peyi a.

Chèf Egzekitif TikTok, Shou Zi Chew, gen pou l parèt devan Kongrè a 23 mas.

XS
SM
MD
LG