Accessibility links

Breaking News

Nijerya: Kandida Opozisyon Konteste Rezilta Eleksyon yo


The Independent National Electoral Commission declares Bola Tinubu winner of Nigeria's 2023 presidential elections in Abuja
The Independent National Electoral Commission declares Bola Tinubu winner of Nigeria's 2023 presidential elections in Abuja

Kandida opozisyon yo pou prezidan nan peyi Nijerya fè konnen yo pwal defye rezilta ki deklare lidè pati ki sou pouvwa a venkè nan eleksyon an. Eleksyon samdi a te gen pwoblèm teknik ak mank moun pou travay ladann, sa ki te lakoz eleksyon an te gen reta omwen yon jou nan kèk biwo vòt.

Pati Travayè a rankontre mèkredi apremidi ak jounalis e ak sipòtè, kèk èd-tan apre komisyon elektoral la te deklare kòm venkè nan eleksyon samdi a Bola Ahmed Tinubu, ki se kandida pou pati Kongrè Tout Pwogresis yo.

Kandida prezidansyèl pati Travayè a, Peter Obi, pa te prezan nan reyinyon mèkredi a, men asistan li di jounalis yo ke li menm ak Obi pwal defye rezilta prezidansyèl yo nan tribunal.

Yusuf Datti-Ahmed, ki se kandida pou vis-prezidan pati Travayè a, mande manm pati a yo ak sipòtè yo pou yo rete tèt fret.

Yon lòt gwo pati nan opozisyon an, Pati Demokratik Popilè a (PDP), li menm tou ap defye rezilta yo.

XS
SM
MD
LG