Accessibility links

Breaking News

Biden Vizite Ikrèn Kèk Jou Anvan Anivèsè Lagè a

U.S. President Joe Biden visits Kyiv
U.S. President Joe Biden visits Kyiv

KYIV, Ikrèn (AP) — Prezidan Etazini Joe Biden rann Prezidan Ikrenyen an yon vizit sipriz.

Vizit Biden fè lendi a se te yon jès pou montre solidarite Etazini kèk jou anvan anivèsè yon ane envazyon Larisi a nan Ikrèn.

Biden te fè remake li te rankontre ak Zelenskyy nan Palè a pou anonse asistans ameriken epi pou rasire Ikrèn de sipò Ameriken ak alye yo ap ba li pandan konfli a toujou ap kontinye.

Prezidan Demokrat Ameriken an di, “Yon ane apre, Kyiv kanpe, Ikrèn kanpe. Demokrasi kanpe." Biden kontinye pou di: "Ameriken kanpe avèk ou, epi mond lan kanpe avèk ou."

Pandan Biden te nan Ikrèn, avyon siveyans Etazini te veye Kyev nan espas aeryen peyi Polòy.

This item is part of
XS
SM
MD
LG