Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy nan Konferans sou Sekirite Munich la


Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy attends a joint news conference with Swedish Prime Minister Ulf Kristersson in Kyiv, Ukraine, Feb. 15, 2023.
Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy attends a joint news conference with Swedish Prime Minister Ulf Kristersson in Kyiv, Ukraine, Feb. 15, 2023.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy gen pou li pale nan Konferans sou Sekirite a nan Munich vandredi, sou yon lyen video.

Ane pase, patisipan yo nan konferans la te soupriye Prezidan ris Vladimir Putin pou li pa anvayi Ikrèn.

Konferans ane sa a ap tanmen kèk jou sèlman anvan 24 Fevriye ki se anivèsè envazyon an.

Zelenskyy di nan mesaj li bay chak swa a ke LaRisi lage, jedi, 101 prizonye ki te anba men li. Li di l ap kenbe lagè a sou liy atak la e ke l ap pare pou si lènmi an fè nenpòt eskalad.

Li di tou ke apre liberasyon prizonye yo, Ikrèn ap travay pou liberasyon teritwa li.

XS
SM
MD
LG