Accessibility links

Breaking News

Chef Federasyon Foutbòl Lachin Anba Kòd Pou Koripsyon


PEKEN (AP) — Lachin pran yon gwo souflèt nan efò li a ap fè pou ogmante pozisyon li nan jwèt foutbòl la, apre chef federasyon an jwen arestasyon anba akizasyon koripsyon.

Yon deklarasyon ki soti nan pati kominis la, ki kontwole pouvwa a, di ke Chen Shuyuan te anba envestigasyon òganizasyon espò nasyonal la ak pwovens Hubei.

Yo pa bay okenn detay sou akizasyon ke yo gen kont li yo. Chen se tèt Asosyasyon foutbòl Chinwa a ak vis prezidan komite pati li a.

Malgre siksè li nan Je Olenpik yo, ekip nasyonal Lachin nan te sèlman jwenn kalifikasyon li pou koup du mond 20 an de sa.

Prezidan ak lidè pati Xi Jinping te deklare objektif nou se pou fè peyi a tounen yon gwo pwisans nan sa ki gen rapò ak foutbòl, men finansman ak antouzyasm yo diminye.

XS
SM
MD
LG