Accessibility links

Breaking News

CAS Anile Desisyon Pou Mete Entèdiksyon Avi Kont Yves Jean-Bart Nan Tout Aktivite Foutbòl


SOCCER-HAITI/JEAN-BART
SOCCER-HAITI/JEAN-BART

14 fevriye (Reuters) - Tribinal Abitraj pou Espò (CAS) anile Madi, desisyon FIFA te pran kont ansyen prezidan federasyon foutbòl ayisyen an Yves Jean-Bart, kote yo te mete entèdiksyon kont li nan tout aktivite espò.

Kolèj mondyal foutbòl la te mennen ankèt sou akizasyon viktim yo pami yo - zanmi yo ak manm fanmi yo lanse kont Jean-Bart, kote yo te detaye kijan li te fòse tifi sa yo fè sèks, e li te menase yo si yo pa fèl yap pèdi plas yo nan seleksyon nasyonal foutbòl medam yo.

Jean-Bart, ki gen 75 an kounye a, te demanti akizasyon yo e lajistis nan peyi dAyiti te retire tout akisasyon yo kont li nan dat 19 novanm 2020.

Sepandan, nan demen FIFA te entèdi Jean-Bart a vi epi mande li pou peye yon amann yon milyon fran Swis ($1.08 milyon dola) apre di yo te jwenn li koupab de asèlman seksyèl ak abi sou plizyè jwè, ki gen ladan minè.

Jean-Bart te fè apèl kont desizyon an devan CAS, pi wo tribinal espò a, an 2021.

Te gen "Yon odyans ki te fèt nan dat 23, 24 ak 25 mas 2022, pandan ke yo te tande anpil temwen, kèk nan yo te benefisye de mezi pwoteksyon espesyal," dapre sa CAS te di nan yon nòt.

"Tout moun nan panèl la nan CAS te jwenn enkonsistans nan deklarasyon viktim yo ak temwen ke FIFA te prezante yo.

"Anplis de sa, panèl la pa t konsidere enfòmasyon ki nan dokiman ke (Human Rights Watch) ak (inyon jwè foutbòl mondyal yo) FIFPro, kòm prèv pou yo entèdi Yves Jean Bart.

"Se poutèt sa, panèl la deside kenbe apèl la e anile sanksyon ki tabli kont ansyen dirijan ayisyen an".

XS
SM
MD
LG