Accessibility links

Breaking News

Ansyen Premye Minis Italyen Berluscon Di Se Zelenskyy Ki Responsab Lagè a


FILE PHOTO: Former Italian prime minister Silvio Berlusconi gestures during a campaign rally
FILE PHOTO: Former Italian prime minister Silvio Berlusconi gestures during a campaign rally

MILAN (AP) — Ansyen premye minis Italyen Silvio Berlusconi deklare ankò ke se Zelenskyy ki responsab envasyon Ris la nan peyil.

Silvio te kritike aktyèl premye minis Itali a Giorgia Meloni paske li te rankontre ak lidè Ikrèn lan, ke li te blame kòm responsab lagè a ki prèske gen yon ane.

Berlusconi, ki gen pati li ki sipòte gouvènman kowalisyon Meloni a, se zanmi Prezidan Ris la Vladimir Putin.

Li te di ke lagè a nan Ikrèn "pa t ap janm rive" si Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelenskyy te "sispann atake 2 repiblik otonòm Donbass yo" - pati nan peyi Ikrèn ke Larisi te anekse ilegalman.

Berlusconi te ajoute ke li jije konpòtman Zelenskyy "trè, trè negatif" e ke li pa tap rankontre ak lidè Ikrenyen an si li te premye minis.

XS
SM
MD
LG