Accessibility links

Breaking News

Fòs Ris yo Frape Zòn Nò Bakhmuk


A city center damaged by Russian shelling in Bakhmut, Donetsk region, Ukraine, Feb. 10, 2023.
A city center damaged by Russian shelling in Bakhmut, Donetsk region, Ukraine, Feb. 10, 2023.

Ikrèn fè konnen lendi fòs ris yo t ap frape zòn nò Bakhmut ak « pakèt bonbadman ki fè tankou tanpèt.”

Bakhmut, ki nan rejyon Donetsk, ap viv gwo bonbadman depi dè mwa batay ak LaRisi k ap chache pran zòn nan.

Biwo prezidan an nan Ikrèn di nan rapò li ki parèt chak jou ke sityasyon an nan vilaj Paraskoviivka, o nò Bakhmut, “difisil.”

Lame Ikrèn nan rapòte atak kout kanno ak tank ris sou 16 lokalite nan zòn Bakhmut.

Alatèt gwoup paramilitè ris Wagner di ayè dimanch la, gwoup la pran kontwòl youn nan vilaj sa yo, ki se Krasna Hora.

Nan diskou li ki fèt chak swa, prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy bat bravo dimanch pou efò travayè yo ki retabli sistèm elektrisite yo ki te donmaje anba atak drone ak misil LaRisi vandredi.

XS
SM
MD
LG