Accessibility links

Breaking News

Latiki: Sèvis Sekou Yo Sove Ansyen Jwè Chelsea Christian Atsu Anba Dekonb Apre Tranblemanntè a

Ghana's midfielder Christian Atsu controls the ball during the 2017 Africa Cup of Nations group D football match between Ghana and Uganda in Port-Gentil on January 17, 2017. / AFP PHOTO / Justin TALLIS

Asosyasyon foutbòl Gana fè konnen sekouris te sove ansyen jwè Chelsea ak Newcastle Christian Atsu anba dekonb yon bilding ki te tonbe apre gwo tranblemanntè ki te frape Latiki ak peyi vwazen li Siri lendi.

GFA di Atsu ap resevwa tretman men li pa bay detay sou si li blese .

Jwè Entènasyonal peyi Gana a jwe pou klèb Tik Hatayspor.

Gana FA a te deklare sou paj Twitter li Madi : "Nou te resevwa kèk nouvèl pozitif de Christian Atsu yo sove li anba dekonb yo avèk siksè."

Gen plis pase 5,000 moun ki mouri nan Tranblemanntè a.

XS
SM
MD
LG