Accessibility links

Breaking News

Ansyen PM Izrayelyen an Di Putin te Pwomèt Li Pap Touye Zelenskyy


Russia Israel
Russia Israel

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Ansyen premye minis Izraelyen ki te jwe wòl medyatè nan kòmansman lagè Larisi a nan Ikrèn di ke prezidan ris la te fèl yon pwomès ke li pap touye tokay Ikrenyen li.

Ansyen Premye Minis Naftali Bennett te vin tounen yon entèmedyè nan premye semèn lagè a, li te fè pati youn nan kèk lidè nan Lwès la ki te rankontre Prezidan Vladimir Putin pandan yon vwayaj li te fè nan Moskou.

Efò medyasyon ansyen PM Bennett te fè yo sanble pa fè anyen pou mete fen nan san ki ap koule e ki kontinye ap koule nan Ikrèn jiska jodi a.

Men, remak sa yo ke li fè nan yon entèvyou ki poste sou entènèt samdi, te fè limyè sou diplomasi ki ap fèt dèyè rido, ak efò ijan ke lidè yo te mete sou pye pou eseye mete yon fen nan konfli a byen bonè.

XS
SM
MD
LG