Accessibility links

Breaking News

Volodymyr Zelenskyy Rankontre ak Lidè Inyon Ewòp yo


Duke hyrë në takimin BE-Ukrainë (Kiev, 3 shkurt 2023)
Duke hyrë në takimin BE-Ukrainë (Kiev, 3 shkurt 2023)

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy ap rankontre ak lidè Inyon Ewòp la yo nan Kyèv vandredi. Li espere jwenn yon chimen rapido-presto pou peyi a antre, jan yo te pwomèt-li, nan Inyon Ewòp la e fè Inyon an mete plis sanksyon sou LaRisi nan somè a.

Sepandan kèk analis di espwa li pou li antre prese-prese nan Inyon an ka pa reyalize, malgre peyi li bezwen sipò alyans la anpil pandan envazyon LaRisi a nan Ikrèn. Inyon Ewòp la sipòte Ikrèn se vre, men li pa moutre okenn siy ke li anvi akselere pwosesis pou fè li vin manm ladann.

Yon lòt kote, dirijan Ikrèn yo di LaRisi lanse nouvo frap aeryen sou zòn rezidansyèl nan vil Kramatorsk nan lès peyi a jedi, nan moman reponsap wo-plase Inyon Ewòp la yo te reyini nan Kyèv pou moutre sipò yo pou lit Ikrèn kont envazyon LaRisi a ki la depi prèske yon lane.

XS
SM
MD
LG