Accessibility links

Breaking News

Lidè Inyon Ewòp Pote Yon Mesaj Sipò Pou Kiev


Russia Ukraine War EU
Russia Ukraine War EU

Lidè yo nan Inyon Ewòp la rive jedi nan Kyèv ak yon mesaj sipò pou pèp Ikrèn nan, pandan prezidan Ikrèn nan avèti ke fòs ris yo ka lanse yon ofansiv anvan anivèsè envazyon LaRisi a.

Nou isit la ansanm pou nou moutre ke Inyon Ewòp la kanpe ak Ikrèn pi djanm ke janmè. E pou nou fè sipò nou ak koperasyon nou vin pi pwofon, » se sa Prezidan Komisyon Ewopeyen Ursula von der Leyen di nan yon tweet.

Lidè yo nan Inyon Ewòp la ak Ikrèn gen pou yo rankontre nan yon somè vandredi pou yo pale sou repons Inyon an nan konfli a, e sou efò pou rekonstriksyon ak sekou, sekirite alimantè mondyal, ak enskripsyon Ikrèn pou li antre nan Inyon Ewòp la.

XS
SM
MD
LG