Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Chèche Kòman Mete Mèsenè Ris yo Deyò nan Soudan, ak Libi


Libya Sudan US Wagner Group
Libya Sudan US Wagner Group

CAIRE (AP) — Ofisyèl Afrik Dinò ak Soudan yo di Etazini ap ogmante presyon sou alye Mwayen Oryan li yo yon fason pou sere boulon peyi Libi ak Soudan pou yo kapab mete kontraktè militè prive Ris yo deyò.

Gwoup Wagner la te jwe yon wòl nan konfli Libi a men li te lye tou ak yon aktivite fòs paramilitè yo nan Soudan.

Presyon Lèzetazini vin ogmante apre sanksyon yo pran kont gwoup la akoz patisipasyon li nan lagè Larisi a pandan yon ane nan Ikrèn.

Gwoup la anba sanksyon depi 2017 e met konpayi se yon asosye pwòch Prezidan Vladimir Putin. Gwoup la ap travay nan Libi ak Soudan depi kek ane.

XS
SM
MD
LG