Accessibility links

Breaking News

Frap LaRisi nan vil Kherson nan Sid Ikrèn Touye 3 Moun Dimanch


Ukrainian firefighters search a house following Russian shelling in the city of Kherson, Jan. 29, 2023,
Ukrainian firefighters search a house following Russian shelling in the city of Kherson, Jan. 29, 2023,

Frap yo pouse Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy yon lòt fwa ankò eksprime bezwen pou alye yo akselere livrezon zam ke yo pwomèt yo.

Zelenskyy di tou bilding rezidansyèl, yon lopital, yon lekòl, yon estasyon otobis, yon biwo lapòs ak yon bank te sibi dega tou nan bonbadman ki fèt nan Kherson.

LaRisi ak Ikrèn fè deklarasyon depaman sou kesyon pou konnen ki kan ki domine teritwa toupre Blahodatne nan pati ès rejyon Donetsk.

Gwoup militè mèsesè ris Wagner fè konnen li pran kontwòl vilaj la, pandan lame Ikrèn fè konnen twoup li yo te repouse atak la.

Yon lòt kote, chanselye Almay Olaf Scholz repete dimanch ke li pa pwal voye avyon konba nan Ikrèn, pandan Kyèv ap ogmante apèl pou li gen zam pi avanse ki soti nan loksidan pou repouse envazyon LaRisi a.

Scholz te sèlman dakò mèkredi pase pou voye 14 tank Leopard 2 nan Ikrèn e kite lòt peyi ann Ewòp voye pa yo.

--

XS
SM
MD
LG