Accessibility links

Breaking News

La Jistis Kondane yon Jounalis Ris pou l pase 8 Ane Prizon Akoz li te Pale Mal De Fòs Ris yo


FILE - Television journalist Alexander Nevzorov speaks in St. Petersburg, Feb. 24, 2012. A court in Moscow on Wednesday sentenced Nevzorov in absentia to eight years in prison.
FILE - Television journalist Alexander Nevzorov speaks in St. Petersburg, Feb. 24, 2012. A court in Moscow on Wednesday sentenced Nevzorov in absentia to eight years in prison.

MOSCOU (AP) — Yon tribinal nan Moskou te kondane yon jounalis Ris in a 8 ane prizon sou akizasyon ke li te denigre fòs militè a.

Jounalis televizyon ak ansyen lejislatè Alexander Nevzorov te jwenn kondanasyon li ak akizasyon ke li te simaye fo enfòmasyon sou fòs militè a. Akisayon sa a baze sou lwa ki te adopte tousuit apre Prezidan Ris Vladimir Putin te voye twoup nan Ikrèn.

Lwa a efektivman ekspoze nenpòt moun ki fè kritik sou aksyon militè Ris la ap menen nan Ikrèn, li gen ladann li amann ak santans pou ale nan prizon jiska 10 an.

Nevzorov te akize deske li te poste "fo enfòmasyon" sou medya sosyal sou bonbadman ki te fèt nan yon lopital matènite nan Azov nan Mariupol.

Moskou te demanti patisipasyon li.

XS
SM
MD
LG