Accessibility links

Breaking News

Trump Pwomèt Pou Mete Fen nan Lagè Larisi ak Ikrèn nan Si li Re-Eli Prezidan


Presidenti Trump gjatë njoftimit në nëntor të rikandidimit të tij
Presidenti Trump gjatë njoftimit në nëntor të rikandidimit të tij

Ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump pwomèt pou l mete fen nan lagè Larisi ak Ikrèn si yo re-eli li prezidan Etazini.

Li te fè deklarasyon sila nan moman li tap mennen kanpay pou eleksyon prezidansyèl 2024 Etazini nan vil Columbia, nan eta Kawolin di Sid.

Trump deklare: "Mwen ta jwenn yon akò lapè ke m tap negosye nan espas 24 èdtan".


Li kontinye poul di "Se feblès, ansanb ak enkonpetans Joe Biden ki preske mennen nou nan yon 'Twazyèm Gè Mondyal.' Nap pwoche yon gwo Gè Mondyal, nan ka pèsonn pa konnen. Si mwen te prezidan, pa tap gen okenn lagè ant Larisi ak Ikrèn, pa gen okenn chans pou sa tap fèt".

XS
SM
MD
LG