Accessibility links

Breaking News

Depite Schiff Anonse Kandidati li pou yon Syej nan Sena Ameriken an an 2024


Foto Achiv: Depite Demokrat Adam Schiff (Kalifoni) nan Kongre a, 19 Desanm 2022.
Foto Achiv: Depite Demokrat Adam Schiff (Kalifoni) nan Kongre a, 19 Desanm 2022.

Depite Demokrat Adam Schiff, ki te vin gen renome nasyonal kòm prensipal avoka akizasyon nan premye pwosè Kongrè a te fè pou wetire Donald Trump sou pouvwa a, deklare li pral poze kandidati li pou yo syèj nan Sena a an 2024. Schiff reprezante eta Kalifoni nan Lachanm Depite kounyea.

Depite a di: "Nou bezwen yon moun nan Sena Ameriken an ki pare pou goumen e ki se yon poto mitan nan lit pou demokrasi ak ekonomi a."

Se Demokrat Dianne Feinstein - 89em manm Kongrè a ki pi granmoun - ki okipe syèj sa a kounyea. Li poko di si li pral chache yon lòt manda.

Schiff ajoute non li sou yon lis ki chaje ak kandida deja, pami yo, depite demokrat Katie Porter.

XS
SM
MD
LG