Accessibility links

Breaking News

Facebook Re-aktive Kont Donald Trump la Apre yon Entediksyon 2 Zan


Prezidan Donald Trump rive nan yon lye kote li pral asiste yon miting politik nan Washington, 6 Janvye 2021.
Prezidan Donald Trump rive nan yon lye kote li pral asiste yon miting politik nan Washington, 6 Janvye 2021.

Konpayi Meta, ki se pwopriyetè Facebook re-aktive kont ansyen Prezidan Donald Trump la apre yon sispansyon pandan 2 zan apre revolt 6 Janvye 2021 an.

Konpayi a deklare nan yon mesaj li pibliye sou blog li Mèkredi, ke lap ajoute "nouvo pwoteksyon" pou asire pa gen oken moun ki vyole règ li yo ankò.

Pòtpawòl Trump la pat reponn demann AP fè pou komante sou desizyon an.

Facebook te sispann kont Trump la 7 Janvye, yon jou apre revòlt vyolan ane 2021 an.

Gen lòt rezo sosyal ki te dechouke misye sou platfòm yo tou, men sa pa gen lontan Twitter te retabli kont li apre ke Elon Musk te achte rezo a.

XS
SM
MD
LG