Accessibility links

Breaking News

Lajistis Etazini Kondane 4 Manm Gwoup 'Oath Keepers la' an Koneksyon ak Revòlt 6 Janvye a


Foto Achiv: Manm gwoup ekstremis Oath Keepers kanpe devan Capitol la 6 Janvye 2021 nan Washington.
Foto Achiv: Manm gwoup ekstremis Oath Keepers kanpe devan Capitol la 6 Janvye 2021 nan Washington.

Yon tribinal federal kondane 4 manm gwoup ekstremis ki rele Oath Keepers la an koneksyon ak revòlt 6 Janvye 2021 kont Capitol la.

La jistis te akize moun sa yo nan kad dezyèm pi gwo pwosè kote se ekstremis zèl dwat ki te akize yo. La jistis akize yo dèske yo konplote pou sèvi ak lafòs pou kenbe Prezidan Donald Trump sou pouvwa a.

Yon juri nan Washington jwenn Joseph Hackett, Robert Minuta, David Moerschel ak Edward Vallejo koupab Lendi.

Desizyon an vini kèk semèn apre yon lòt juri te kondane 2 lidè gwoup ekstremis la an koneksyon ak atak ki te rete sètifikasyon viktwa elektoral Prezidan Joe Biden nan.

Avoka defans yo di pat gen okenn konplo pou bloke transfè pouvwa prezidansyèl la.

XS
SM
MD
LG