Accessibility links

Breaking News

Malgre Kè Sote, Etazini Pral Voye 31 Tank Abrams Bay Ikrèn


Prezidan Joe Biden pale sou Ikren depi Sal Roosevelt Lamezonblanch la Mekredi 25 Janvye 2023.
Prezidan Joe Biden pale sou Ikren depi Sal Roosevelt Lamezonblanch la Mekredi 25 Janvye 2023.

Etazini pral voye 31 tank M1 Abrams bay Ikrèn, yon desizyon ki ranvèse agiman administrasyon Biden nan te prezante pandan plizyè mwa pou di kom kwa tank sa yo two difisil pou twoup Ikrenyen yo opere epi mentni.

Prezidan Biden di:

" Jodia map anonse ke Etazini pral voye 31 tank Abrams bay Ikren. Se ekivalan yon batayon Ikrenyen. Sekrete Austin rekomande etap sa a paske sa pral amelyore kapasite Ikren genyen pou l defann teritwa li epi aten objektif estratejik. Tank abrams yo se tank ki gen plis kapasite nanmond lan. Yo tre konplike tou pou opere epi repare. Donk nap bay Ikren pyes rejanj tou ak ekipman nesese pou asire tank yo byen fonksyone sou chan batay la.

Nou pral komanse antrene twoup Ikrenyen yo sou kestyon sa yo, epitou lojistik pi vit posib. Sa pral pran tan pou voye tank yo bay Ikren. Nou va sevi ak tan sa a pou asire Ikrenyen yo byen prepare pou entegre tank Abrams yo nan sistem defans yo.

Epi nap kowodone anons sa a ak alye nou yo. Ap gen lot anons kap vini bo kote lot peyi nan semen ak mwa kap vini yo e ki va ajoute sou kontribisyon Etazini an. Mwen tre rekonesan devan Chanselye Scholz ki dako pou voye tank Leopard 2 Alman bay Ikren. E li pral dirije yon jefo pou oganize yon kontribisyon Ewopeyen pou 2 batayon tank pou Ikren.

Mwen ta renmen remesye Chanselye a pou lideship li ak angajman fem li pran vizavi efo kolektif nou pou apiye Ikren. Almay deja pran devan e Chanselye a reprezante yon fwa puisan, yon vwa inite, yon bon zanmi e nou pral kontinye pouse pou pi devan ak nivo jefo sa yo. "

Almay anonse jodia li dako pou voye 14 tank Leopard 2A6 bay Ikrèn.

Anvan sa, Almay te di li patap voye tank Leopard yo bay Ikrèn amwenske Etazini ofri pou l voye tank Abrams pa li yo. Almay te adopte apwoch sa a paske li pat vle vekse Larisi san Etazini pat pranmenm angajman an ak tank pa li yo.

Biden di Larisi te atann ni aske Etazini ak alye yo patap antann yo sou Ikren. Men li souliyen ke Etazini ak Ewope konpletman inifye.

Pwoje ed milite Etazini anonse Mekredi a gen yon vale $400 milyon e li gen ladann kamyon M88 yo ki gen kapasite pou remoke tank Abrams yo si yo bloke.

La Frans, Anglete, Poloy, Peyi Ba ak La Sued pral voye plizye santen tank ak machin blende pou fotifyr Ikren nan moman lap franchi yon nouvo etap nan lage e epi eseye travese liy de fwon Ris yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG