Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Minis Enteryè a Pami Viktim ki Mouri nan yon Aksidan Elikoptè


APTOPIX Russia Ukraine War Helicopter Crash
APTOPIX Russia Ukraine War Helicopter Crash

BROVARY, Ikrèn (AP) — Otorite yo nan Ikrèn di ke minis enteryè peyi mouri nan yon aksidan elikoptè ki fèt toupre kapital la. Anpil lòt moun pèdi lavi yo nan aksidan sa a tou, pami yo timoun.

Minis Enteryè Denys Monastyrskyi te responsab lapolis ak sèvis ijans Ikrèn yo. Li se pi gwo ofisyèl ki pèdi lavi li depi LaRisi anvayi Ikrèn.

Pa gen okenn rapò imedya ki fet sou kòz aksidan sa. Otorite yo nan Ikrèn ap envestige pou wè si vreman vre se yon aksidan oswa si li gen rapò ak lagè a.

Otorite Ikrèn te louvri yon ankèt tou suit. Okenn batay pa te rapòte dènyèman nan zòn Kyev la.

Prezidan Franse a, Emmanuel Macron te voye kondoleyans li bay Ikrèn apre aksidan an. Li di nou "tris pou lanmò trajik sa" ki fè omwen 18 viktim, pami yo 3 timoun.

Prezidan franse a sou Twitter di: "Lafrans ofri kondoleyans li bay zanmi Ikrenyen li yo".

Aksidan te fèt toupre yon lekòl matènèl. Se sa ki lakoz timoun te pami viktim yo.

XS
SM
MD
LG