Accessibility links

Breaking News

Almay: Zelenskyy Te Gen Yon Mesaj Senp pou Alye yo Nan Yon Konferans Donatè “Prese” Fè Livrezon Zam-yo


GERMANY-US-NATO-DEFENCE-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT
GERMANY-US-NATO-DEFENCE-UKRAINE-RUSSIA-CONFLICT

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy te gen yon mesaj senp pou alye yo nan loksidan nan yon konferans donatè jodi vandredi a ann Almay: se “prese” fè livrezon zam-yo.

Zelenskyy te pale nan video konferans ak alye Ikrèn yo ki te reyini nan Baz Avyasyon Militè Etazini nan Ramstein nan peyi Almay, pandan Ikrèn ap batay kont yon envazyon LaRisi ki la depi preske yon lane, li di alye yo ke yo pa dwe fè diskisyon sou ki valè tank pou yo voye, men ke yo dwe ouvè depo yo po bare mechan.

Sekretè Defans Etazini Lloy Austin di nasyon donatè yo, « Se yon moman desizyon pou Ikrèn. Pèp Ikrèn nan ap swiv nou, Kremlen an ap swiv nou, e listwa ap swiv nou.

Reyinyon an gen reprezantan 50 peyi, pami yo tout manm l-OTAN yo.

Anvan reyinyon jodi vandredi a, Etazini ak Almay sanble t ap renka kò yo sou kesyon pou bay tank Leopard 2 ak Abrams ke Ikrèn te mande a.

Yon lòt kote, Etazini lanse yon pinga kont LaChin pou li pa bay LaRisi materyèl ak asistans sekirite nan lagè Ikrèn nan, e Washington trase yon liy wouj pou LaChin anvan vizit ke Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken pwal fè nan Peken, nan mwa k ap vini an.

--

XS
SM
MD
LG