Accessibility links

Breaking News

Film 'Everything Everywhere' Pran Plis Nominasyon pou Pri Oscar pase Tout Lòt Film yo


Akte Riz Ahmed ak Allison Williams anonse nominasyon pou 95 seremoni anyel pri Oscar yo nan Beverly Hills, Kalifoni, 24 Janvye 2023.
Akte Riz Ahmed ak Allison Williams anonse nominasyon pou 95 seremoni anyel pri Oscar yo nan Beverly Hills, Kalifoni, 24 Janvye 2023.

Film "Everything Everywhere All at Once" se film ki ranpòte plis nominasyon jodi Madi a pou pri Oscar.

"Everything Everywhere" se yon film syans fiksyon ki rakonte istwa yon dam ki dezespere nan moman lap eseye fini ranpli papye enpo li. Film sa a ranpòte 11 nominasyon - pami yo meyè film ane a, epi meyè aktris ak aktè.

Pami lòt film ki ranpòte nominasyon nou jwen: "Avatar: The Way of Water" ki gen kòm sineyas James Cameron. Li okipe 6em plas sou lis film ki ranpòte plis lajan nan listwa sinema.

"Top Gun: Maverick" ak "Elvis" ranpòte nominasyon tou ansanm ak film popilè Steven Spielberg la "The Fabelmans."

Seremoni remiz pri Oscar la pral dewoule nan Los Angeles 12 Mas, e chèn televizyon Ameriken ABC va difize li an dirèk.

XS
SM
MD
LG