Accessibility links

Breaking News

Seremoni Remiz Pri Golden Globes la Onore Film 'The Fabelmans', ak 'Banshees'

Sineyas Steven Spielberg aksepte pri pou Meye Sineyas pou "The Fabelmans" pandan seremoni remiz pri Glob D'Or la nan Beverly Hills, Kalifoni, 10 Janvye 2023.
Sineyas Steven Spielberg aksepte pri pou Meye Sineyas pou "The Fabelmans" pandan seremoni remiz pri Glob D'Or la nan Beverly Hills, Kalifoni, 10 Janvye 2023.

Seremoni remiz pri Glob Dor yo (Golden Globes) dewoule Madi nan Los Angeles ak yon tapi wouj djak sou djak.

Film Steven Spielberg ki rele "The Fabelmans" ranpote pi gwo pri yo. Film "Banshees of Inisherin" sineyas Martin McDonagh la ranpote anpil pri tou.

Oganizasyon près etranje a ki oganize seremoni remiz pri a te oblije kanpe seremoni an pandan yon lane apre kritik moun te fè pou di se blan sèlman ki manm oganizasyon an e ke li bezwen plis divèsite.

Pami pwogram televizyon ki ranpote pri nou jwen: "Abbott Elementary", "White Lotus", epi "House of the Dragon".

Aktris Michelle Yeoh aksepte pri Glob D'or pou Meye Aktris nan yon film pou "Everything Everywhere All at Once," pandan 80em seremoni anyel pri Glob D'or yo, Golden Globes, nan Beverly Hills, Kalifoni, 10 Janvye 2023.

Aktris Chinwaz Michelle Yeoh ak Ke Huy Quan ranpote pri pou meyè aktè pou pèfomans yo nan film "Everything Everywhere All at Once".

Vedèt Kevin Costner limenm ranpote yon pri pou pèfomans li nan "Yelowstone" sepandan prezantatris Regina Hall fè konnen misye patka vini nan seremoni remiz pri a akoz gwo inondasyon ki genyen nan zon kote kay li sitye nan rejyon santral eta Kalifoni.

XS
SM
MD
LG