Accessibility links

Breaking News

'M3gan', 'Avatar' Se Film ki Antre Plis Lajan Pandan Wikèn nan


Foto Achiv: Gran premye film "Avatar: The Way of Water" 12 Desanm, 2022.
Foto Achiv: Gran premye film "Avatar: The Way of Water" 12 Desanm, 2022.

Film orè konpayi sinema Blumhouse la ki rele "M3gan" e ki gen pou wè ak yon poupe dyabolik, antre $30,2 milyon dola premye wikèn li nan sal sinema yo.

Pandansetan "Avatar: The Way of Water" kontinye ap vannan tout lot film yo - li se film pi popilè a.

"M3gan" rakonte istwa yon konpayon wobotik ke yo konstwi pou yon tifi apre paran li mouri nan yon aksidan otomobil. Sa ki kore siksè li pami sinefil yo se rekomandasyon zanmi epi mim kap sikile sou rezo sosyal yo.

Sal sinema ki gen gwo ekran yo yomenm te inonde ak fanatik ki te vle wè "Avatar: The Way of Water". Film 3D a dire 3 zè d tan, e li okipe premye plas la sou lis film ki pi popilè Ozetazini ak Kanada depi 4 semèn. Li antre $45 milyon dola.

Film syans fiksyon sineyas James Cameron nan antre yon total plis pase $500 milyon dola Ozetazini e $1,7 milya dola globalman.

XS
SM
MD
LG