Accessibility links

Breaking News

'Top Gun,' Black Panther' Pami Film ki Gen Anpil Chans pou Ranpòte Nominasyon pou Pri Oscar


Yon sen film "Black Panther: Wakanda Forever" ke konpayi sinema Marvel Studios reyalize.
Yon sen film "Black Panther: Wakanda Forever" ke konpayi sinema Marvel Studios reyalize.

Film popilè Ameriken tankou Top Gun: Maverick" Black Panther: Wakanda Forever" epi Avatar: The Way of Water" epi vedèt pòp tankou Lady Gaga, Rihanna, Taylor Swift ak The Weeknd taka ranpòte nominasyon pou pri Oscar ane sa a.

Akademi Bozar ak Syans Sinematografik la anonse lis film ak moun ki sou lis pou konsiderasyon pou 95em pri Oscar yo nan 10 kategori diferan.

Pami yo gen: dokimantè, film entènasyonal, makiyaj, mizik, chanson orijinal, son, efè espesyal, ak film kout.

Yo va anonse nominasyon yo nan tout kategori yo 24 Janvye kap vini an.

95em seremoni anyel Oscar la pral dewoule Dimanch 12 Mas e chèn televizyon Ameriken ABC va difize li an dirèk.

XS
SM
MD
LG