Accessibility links

Breaking News

Nouvo Film Tom Cruise la: 'Top Gun: Maverick' Antre $100 Milyon Pandan Wiken nan


Tom Cruise nan yon sen film 'Top Gun: Maverick" Paramount Pictures.
Tom Cruise nan yon sen film 'Top Gun: Maverick" Paramount Pictures.

Se premye fwa sa rive Tom Cruise - nouvo film aktè popile a ranpote $100 milyon pandan wikènn nan. Film "Top Gun: Maverick" konpayi sinema Paramount Pictures la antre lajan sa apre 3 jou nan sal sinema Amerik di No yo dapre Paramount. Konpayi a di li estime li antre $124 milyon pou biyè li vann.

Se yon komansman wo loloy pou film sa a ki se dezyem nan yon seri ke yo tap planifye pou tounen depi lontan. Gen posibilite pou'l antre plis lajan toujou jodi Lendi a, ki se yon jou ferye Ozetazini.

Dapre estimasyon yo, "Top Gun: Maverick" pral fini pa antre plis pase $150 milyon apre lendi. Film nan ap jwe aktyèlman nan yon kantite reko sal sinema Ozetazini - asavwa 4,735.

XS
SM
MD
LG