Accessibility links

Breaking News

Popilasyon Lachin Bese pou Premye Fwa Depi Dè Dizèn Lane


Foto Achiv: Yon tifi ak yon mask nan figi li pwomenen nan katye touristik Peken an ak yon mesye, 7 Oktob, 2022.
Foto Achiv: Yon tifi ak yon mask nan figi li pwomenen nan katye touristik Peken an ak yon mesye, 7 Oktob, 2022.

Done ofisyel montre popilasyon Lachin bese pou premye fwa depi dè dizèn lane. Responsab yo di se paske to nesans peyi a te plonje byen ba ane pase a.

Sa mete plis presyon sou lidè peyi a pou yo bay ekonomi a yon bourad nan moman klas travayè a ap vinn pi granmoun epi tansyon ak Lèzetazini ogmante.

Gen kèk ekspè ki kwè popilasyon Chinwaz la ap bese depi kèk ane deja. Sa reprezante yon chanjman dramatik nanyon peyi ki te eseye kontwole kantite timoun koup marye te genyen a yon sel pitit.

Biwo Statistik Nasyonal la rapote Madi ke peyi a te gen 850,000 mil abitan an mwens nan fen ane 2022 a ke ane 2021.

Bilan an gen ladann sèlman popilasyon Lachin - li pa konsidere popilasyon Hong Kon ni zile Macao ni non plis tou etranje kap viv nan peyi a.

XS
SM
MD
LG