Accessibility links

Breaking News

Kongrè Ameriken an Ap Eseye Tanmen yon Evalyasyon sou Politik Peyi-a Vizavi LaChin


FILE PHOTO: Kevin McCarthy is elected next Speaker of the U.S. House of Representatives at the U.S. Capitol in Washington
FILE PHOTO: Kevin McCarthy is elected next Speaker of the U.S. House of Representatives at the U.S. Capitol in Washington

Kongrè Etazini-an gen entansyon tanmen yon evalyasyon sou politik peyi-a vizavi LaChin nan koumansman mwa k-ap vini-an.

Nan yon vòt 365 vwa pou ak 65 kont, Chanm Depite-a te pase yon rezolisyon madi ki kreye yon Komisyon espesyal sou LaChin. Lidè Chanm Depite-a, Kevin McCarthy chwazi Depite Repibliken Mike Gallager pou dirije travay komisyon an.

“Anpil moun enterese,” se pawòl Mike Gallager nan yon entèvyou ak sèvis Mandarin LaVwadlamerik.

Gallager di ekspè-yo nan komisyon an li espère fè premye seyans depozisyon-li nan koumansman oubyen mitan mwa Fevriye e ke pwal gen ladann palmantè nan tou le 2 pati yo.

Mezon Blanch di mèkredi li te espere travay ak Demokrat ak Repibliken nan komisyon-an sou yon kesyon ki se yon gwo priyorite pou administrasyon-an.

XS
SM
MD
LG