Accessibility links

Breaking News
Azi

Avyon Militè Chinwa Rive nan Preske 3 Mèt Distans ak yon Aparèy Avyasyon Militè Etazini


China Taiwan Military Exercises
China Taiwan Military Exercises

Yon avyon militè chinwa te rive nan preske 3 mèt distans ak yon aparèy avyasyon militè Etazini nan zòn ki an diskisyon nan Lanmè Sid LaChin, semèn pase a, e te fòse l fè gwo manèv pou evite yon kolizyon nan espas entènasyonal, dapre sa lame Etazini fè konnen jedi.

Rankont preske bab pou bab sa a vini apre sa Etazini rele yon tandans ki fèk parèt kote avyon militè chinwa ap konpòte yo yon manyè danjre.

Ensidan an, ki enplike yon avyon djèt konba Lamarin chinwa J-11 ak yon aparèy Avyasyon militè Etazini RC-135, te pase 21 Desanm, se sa lame Etazini di nan yon kominike.

Yon pòtpawòl lame Etazini di djèt chinwa a te rive nan distans 10 pye ak zèl avyon ameriken an, men 20 pye distans ak nen li, e ke avyon ameriken an te oblije fè manèv pou evite kolizyon.

Etazini te soulve kesyon an ak gouvènman chinwa a, dapre sa yon lòt otorite ameriken fè konnen.

Anbasad LaChin pat reponn demand nou imedyatman pou pale sou kesyon an.

Men LaChin te di deja ke lè Etazini ap voye bato ak avyon nan Lanmè Sid LaChin, se pa yon bagay ki bon pou lapè.

XS
SM
MD
LG