Accessibility links

Breaking News

LaChin kritike Akò defans Grand Bretay Siyen ak Japon


USA-ELECTION/CHINA-REACTION
USA-ELECTION/CHINA-REACTION

LaChin kritike yon akò defans ke Grand Bretay ak Japon siyen mèkredi, akò ki di ke len ka deplwaye twoup sou teritwa lòt. Lond ak Tokyo dekri LaChin kòm yon defi nan rejyon Azi-Pasifik la.

« Azi-Pasifik se yon lye pou òganize lapè ak devlopman, pa yon ring pou peyi goumen nan jwèt jeyo-politik. LaChin se yon patnè pou koperasyon pou tout peyi olye de yon defi, » se pawòl Wang Wenbin, yon pòtpawòl pou Ministè Afè Etranjè chinwa ki t-ap pale ak jounalis.

Akò defans-la te resevwa siyati Premye-minis Fumio Kishida ak tokay li nan Grand Bretay Rishi Sunak nan bilding Tower of London, yon fò ki la depi epòk Mwayennaj, ki loje bijou ki te akonpaye kouwòn wa-yo.

Akò-a rele ofisyèlman Akò pou Aksè Resipwòk e 2 peyi-yo te antann yo sou li an prensip nan mwa Me ane pase. Se premye fwa Japon siyen yon antant konsa ak yon alye ann Ewòp. Dè milye sòlda ameriken estasyone nan peyi Japon nan kad yon Trete Sekirite Etazini-Japon.

XS
SM
MD
LG