Accessibility links

Breaking News

Lula Di Fòs Sekirite Brezil yo Patisipe nan Kraze Brize Ki te Fèt Nan Brasilia


Brazil's President Luiz Inacio Lula da Silva inspects the damage at Planalto Palace after it was stormed by supporters of Brazil's former President Jair Bolsonaro in Brasilia, Brazil, Jan. 8, 2023.
Brazil's President Luiz Inacio Lula da Silva inspects the damage at Planalto Palace after it was stormed by supporters of Brazil's former President Jair Bolsonaro in Brasilia, Brazil, Jan. 8, 2023.

Prezidan Brezilyen an, Luiz Inacio Lula da Silva, deklare jedi 12 janvye manm fòs sekirite yo te konplis lè yo te kite yon foul manifestan anti-gouvènman an sakaje enstitisyon leta yo nan vil Brasilia.

"Te gen anpil moun ki te konplis nan dosye sa nan mitan fòs polis la. Te gen anpil moun nan fòs lame a tou ki konplis," se deklarasyon sa Lula te bay jounalis yo.

Li kontinye poul di "Mwen konvenki ke pòt palè a te louvri pou pèmèt moun sa yo antre, paske mwen pa wè ke pòt la te kase."

Lula te ogmante kritik li kont fòs lame a tou dapre li pa fè anyen pou dekouraje patizan Bolsonaro ki gen 2 mwa deyò katye jeneral yo, kote yo t ap plede mande militè a ranvèse rezilta eleksyon mwa oktòb yo.

Dimanch 8 janvye, plizyè milye manifestan ki t ap mande yon kou deta militè pou chase Lula sou pouvwa epi retabli Bolsonaro nan tèt peyi a, kote yo te anvayi Lakou Siprèm nan, Kongrè a ak palè prezidansyèl la.

Fòs lapolis ki responsab sekirite piblik nan kapital Brezil la pa t anpeche foul la avanse sou bilding lan, e kèk nan yo te pran selfie ak pale ak manifestan yo.

Lapolis te gaye foul la ak gaz lakrimojèn epi yo te arete anviwon 1,800 manifestan apre Lula te bay lòd pou gouvènman federal la entèvni ak fòs sekirite lokal yo.

XS
SM
MD
LG