Accessibility links

Breaking News

McCarthy Elu Lidè Lachanm Depite Etazini

Nouvo Lide Lachanm Depite Etazini Kevin McCarthy, ki reprezante eta Kalifoni nan Lachanm, montre afich ki gen non l sou li nan antre biwo li, apre li prete seman kom lide 118em Lejislati a nan Washington, bone Samdi 7 Janvye 2023.

Repibliken Kevin McCarthy eli lidè Lachanm Depite Etazini apre yon 15èm vot ki dewoule apre minui kote li rive leve defi Repibliken parèy li te mete devan l.

Tansyon yo ant depite Repibliken yo te monte 17 wotè kote yo te rele, joure epi kreye yon sityasyon kawotik ki te teste kapasite pati Repibliken an, ki gen majorite a nan Lachanm, pou l gouvène.

Sepandan McCarthy te soti gayan, jan li te toujou predi l.

McCarthy deklare: "Kounyea travay difisil la ap tanmen." Patizan li yo te bat bravo.

Vot pou eli lidè Lachanm nan te dire 4 jou e pou ranpote la viktwa McCarthy te oblije konvenk plis pase yon douzèn depite konsèvatè pou yo vote pou yo apiye l.

Apre sa kèk pami depite ki pat vle vote pou li te vote pito "prezan" e sa te bese total kantite vot McCarthy te bezwen pou ranpote la viktwa.

An fen, nouvo depite yo te prete sèman pou komanse travay.

XS
SM
MD
LG