Accessibility links

Breaking News

McCarthy Echwe Ankò nan Tantativ Pou l Tounen Pwochen Lidè Lachanm Depite Etazini


Depite Kevin McCarthy (Repibliken Kalifoni) rive nan Capitol la (syej Palman Etazini) nan Washington, Mekredi 4 Janvye 2023.
Depite Kevin McCarthy (Repibliken Kalifoni) rive nan Capitol la (syej Palman Etazini) nan Washington, Mekredi 4 Janvye 2023.

Repibliken nan Lachanm Depite Etazini ap vote pandan yon dezyèm jounen pou yon lidè. Sepandan jodi Mèkredi a, ki se dezyèm jounen nouvo lejislati a, pa gen oken siy ki montre kawo politik ki egziste sou chwa nouvo lidè a pral rezoud.

Lidè Repibliken Lachanm nan, Kevin McCarthy echwe 5 fwa deja nan tantativ li pou'l dirije chanm bas palman Etazini an.

Mike Gallagher reprezante eta Wisconsin nan Lachanm.

" Petèt nou va wè plis emoji popkorn sou Twitter. Petèt wap ekri gran tit. Men sa mwen wè kounyea se enèji - yon pakèt enèji nan kokis Repibliken sa a - moun ki vle travay pou pèp la. Misye McCarthy pa mande nou apiye lide pou bagay yo kontinye menm jan an. Misye gen yon plan pou renouvle Chanm Depite a epi fè l tounen yon enstitisyon ke nou ka fyè de li epi kap travay pou pèp la. Pou rezon sa a ak anpil lot rezon mwen nomen Kevin McCarthy pou pos lidè Lachanm."

McCarthy Echwe Ankò nan Tantativ li Pou l Dirije Lachanm Depite Etazini
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:06 0:00


Gen 2 vot ki fèt jodia, men misye pat resi ranpote 218 vwa li bezwen pou ranpote pos la. Poukisa? Se paske gen 20 Repibliken parèy li ki rejte nominasyon li epi chwazi yon lot Repibliken pito pou dirije yo. Yo te chwazi depite nwa Ameriken Byron Donalds.

Chip Roy reprezante eta Texas nan Lachanm.

"Men nou. E pou premye fwa nan listwa gen 2 Ameriken nwa ki ranpote nominasyon pou lide Lachanm."


Ansyen Prezidan Donald Trump renouvle ak fòs, sipò li pou McCarthy, men sa pat fè okenn diferans.

Manm pi konsèvatè Lachanm yo kwè misye swa pa ase konsèvatè oubyen li pa gen pouvwa ase pou'l goumen ak Demokrat yo.

Dezod sa a se yon move siy pou nouvo Lejislati a, ke Repibliken yon kontwole kounyea ak yon maj tou mens.

Jounalis yo mande Prezidan Joe Biden sa'l panse.

" Pa rapo ak batay lidèship Lachanm nan - eskize m . Se pa pwoblèm pa m. Mwen kwè se yon wont ke sa ap pran yon pakèt tan epitou fason yap aji a. Epi mond lan ap suiv ou konnen, yap suiv pou wè eske nou ka fè yon jan pou rezoud pwoblèm sa a. Mwenmenm, map konsantre sou travay peyi a."

Demokrat Lachanm yo kritike kolèg Repibliken yo tou.

Pete Aguilar reprezante eta Kalifoni nan Lachanm.

"Demokrat yo inifye. Demokrat la chanm yo inifye. Ou te wè sa yè. Nou inifye sou kestyon redwi pri, kreye djob ki peye byen, konstwi kominote ki gen sekirite. Gen yon gwo diferans ant Demokrat yo ak kawo ak konfizyon ou wè bo kote Repibliken yo. Pou premye fwa depi 100 an, nou pat gen yon lidè la chanm apre premye vot la. Gen plizyè lot vot ki fèt e apre 24 hè pa gen okenn siy ki montre yap chwazi yon lidè. Donk mwen espere yo pap fè menm jan ak ane 1855 lè sa te pran 133 vot pou chwazi yon lidè."

An 1855, Etazini te konstate yon batay fewos pou lidèship Lachanm. Batay la t dire 2 mwa e sa te pran 133 vot, jan Depite Aguilar di l. Nan epok la deba yo te fewos sou kestyon esklavaj ki te debouche sou Gè Sivil la.

Li poko klè kijan McCarthy pral konvenk Repibliken konsèvatè ki rejte lidèship li pou yo vote pou li.

Demokrat yo bo kote pa yo nomen depite Hakeem Jeffries kom lidè pa yo. Misye ranpote 212 vwa.

Si McCarthy ka konvenk 213 Repibliken pou vote pou li, epi pèsuade rès yo pou yo vote "prezan" olye yo vote pou yon lot moun, li taka pwofite yon règleman Lachanm ki ta akode li majorite a epi lidèship Chanm Depite a.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG