Accessibility links

Breaking News

Biden Siyen yon Bidjè depans 1 trilyon 700 milya Dola ki Pwal Pèmèt Gouvènman Etazini an Kontinye Fonksyone


Biden's Ambition
Biden's Ambition

Prezidan Joe Biden siyen jedi yon bidjè depans 1 trilyon 700 milya dola ki pwal pèmèt gouvènman Etazini an kontinye fonksyone jiska finisman ane bidjè a ki ap bout an Septanm 2023 e bay dè dizèn milya dola nouvo èd pou Ikrèn k ap goumen ak lame ris.

Biden te gen dèle vandredi pou li siyen pwojè-lwa a pou evite ke yon pati nan gouvènman an fèmen.

Chanm Depite-a ke Demokrat yo kontwole pase pwojè-lwa a 225 pou ak 201 kont, kote pifò depite yo te vote selon liy pati yo, yon ti tan anvan fèt Nwèl la. Chanm Depite a te vote yon jou apre Sena a, ke Demokrat yo kontwole tou, e ki te pase li ak 68 vwa pou ak 29 kont, kote Repibliken yo te bay plis sipò pase nan Chanm Depite a.

Biden di bidjè ki pase a se yon prèv ke Repibliken ak Demokrat ka travay ansanm.

Depite Kevin McCarthy, lidè Repibliken nan Chanm Depite a ki espere tounen lidè Chanm nan lè yon nouvo sesyon ouvè 3 Janvye, te pale nan deba pou di ke pwojè-lwa a depanse twòp lajan e pa fè anpil efò pou konbat imigrasyon ilegal ak kantite dwòl fentanyl ki ap soti Meksik pou antre Etazini.

XS
SM
MD
LG