Accessibility links

Breaking News

McCarthy Echwe Ankò nan Tantativ pou l Ranpòte Lidèship Lachanm Depite Etazini


Depite Kevin McCarthy (Repibliken Kalifoni) pale ak jounalis yo pandan lap mache nan Lachanm Depite anvan yon twazyem jounen vot pou chwazi prezidan Lachanm, 5 Janvye 2023.
Depite Kevin McCarthy (Repibliken Kalifoni) pale ak jounalis yo pandan lap mache nan Lachanm Depite anvan yon twazyem jounen vot pou chwazi prezidan Lachanm, 5 Janvye 2023.

Hing-hang ki egziste pami Repibliken Lachanm Depite Etazini sou kestyon kiyes ki ta dwe dirije yo poko pret pou l bout.

Kevin McCarthy te semante pou l pran tet ase kanmarad Repibliken pou ranpòte la viktwa nan vòt la - sepandan li echwe ankò Jedi.

Sa fe 3 jou depi McCarthy rete dozado ak 20 koleg Repibliken ki refize apiye li pou pòs lide a.

Jiskaprezan, 7 vòt pou chwazi yon lide echwe.

Enpas la kite Lachanm Depite a san kapasite pou l fòme yon gouvenman epi dirije peyi a.

Opozan konsevate McCarthy yo sanble yo pare pou yo tann misye epi suiv, jiskaske li bay le gen.

XS
SM
MD
LG