Accessibility links

Breaking News

Nouvo asistans Inyon Ewopeyèn ak Etazini pou Ikrèn


Belgium EU Energy
Belgium EU Energy

Minis Afè etranjè Inyon Ewopeyèn yo pwomèt nouvo asistans pou Ikrèn pandan yo anvizaje nouvo sanksyon kont Larisi

Pandan yon reyinyon ki dewoule lendi 12 desanm 2022 a, Minis afè etranjè Inyon ewopeyèn nan ap anvizaje nouvo sanksyon kont Larisi e plis lajan pou ede lame ikreyèn nan pandan Lèzetazini pwomèt yon soutyen an pèmanans pou Ikrèn pandan Larisi kontinye ap lanse yon pakèt frap aeryèn sou yon pakèt enfrastrikti enpòtan peyi Ikrèn

Pandan diskisyon yo, Inyon ewopeyèn nan pwomèt plis pase 2 milya dola pou finanse livrezon zam bay Ikrèn . Inyon an deja enpoze 8 seri sanksyon kont pèsonalite ak konpayi ris pou reyaji pa rapò ak envazyon ris la ki te kòmanse nan mwa fevriye a . 9èm seri a vize reponsab nan gouvènman an, endistri ak bank yo nan Larisi .

Prezidan ameriken an Joe Biden te pale nan telefòn dimanch 11 desanm nan ak prezidan ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy, youn pami seri apèl lidè ikrenyen an fè ak dirijan mondyal yo anvan dikisyon yo ak Inyon ewopeyèn nan e anvan lòt gwo reyinyon ki gen pou dewoule nan semèn sa a.

Yon kominike ki soti an Lamezon Blanch fè konnen, prezidan Biden “re-afime angajman Lèzetazini pou kontinye founi Ikrèn yon asistans nan domèn sekirite, ekonomik ak imanitè e lage responsabilite yo sou do Larisi pou krim lagè ak zak atwosite l yo… »

Yon lòt kote kote, prezidan fransè a, Emmanuel Macron ki te pale tou ak prezidan Zelenskyy, presize Ikrèn kapab konte sou soutyen peyi La Frans toutotan sa nesesè jiskaske li rejwenn souverènte l ak totalite teritwa l .

Prezidan Zelenskyy fè konnen li te pale tou dimanch la ak prezidan Tiki a Recep Tayyip Erdogan nan objektif pou kontinye ak pwogram pou sereyal li yo pase atravè Lamè Nwa e itilize 3 pò pou ekspòtasyon an.

XS
SM
MD
LG