Accessibility links

Breaking News

67 Jounalis, Anplwaye Media Mouri Pandan yo Tap Travay Ane sa a


Foto Achiv: Pankat ak foto jounalis ki mouri pandan ane a kole sou yon barye tou pre Lamezonblanch nan Washington, 13 Mas, 2022.
Foto Achiv: Pankat ak foto jounalis ki mouri pandan ane a kole sou yon barye tou pre Lamezonblanch nan Washington, 13 Mas, 2022.

Yon nouvo rapò di lage Ikrèn nan, dezòd nan peyi d Ayiti ak gwoup kriminèl yo nan Meksik te kontribye ak yon gwo ogmantasyon nan kantite jounalis ki pedi lavi yo an 2022.

Federasyon Entènasyonal Jounalis yo di gen 67 jounalis ak anplwaye medya ki mouri nan mond lan jiskaprezan an 2022. Se yon ogmantasyon 47 moun konpare ak ane 2021.

Gwoup la, ki gen katye jeneral li nan vil Bruksèl nan La Bèljik, konte 375 jounalis ki fèmen nan prizon aktyèlman akoz travay yo - nan peyi Lachin, Birmani ak La Tiki.

Gwoup la lanse avètisman bay gouvènman yo pou yo pran plis mezi konkrè pou pwoteje jounalis yo ak libète laprès.

Gen plis anplwaye medya yo ki te mouri tou pandan yo tap fè repòtaj sou lagè a nan Ikrèn pase tout lòt peyi ane sa a.

XS
SM
MD
LG