Accessibility links

Breaking News

Ayiti Pral Envestige Lanmò Jounalis Romelson Vilsaint

PREKOSYON - IMAJ SA A KA DERANJE KEK MOUN - Jounalis reyaji bo kote Romelson Vilsaint ki pran yon katouch gaz lakrimojen nan tet, e ki mouri devan komisarya lapolis Delmas a, Dimanch 30 Oktob, 2022.
PREKOSYON - IMAJ SA A KA DERANJE KEK MOUN - Jounalis reyaji bo kote Romelson Vilsaint ki pran yon katouch gaz lakrimojen nan tet, e ki mouri devan komisarya lapolis Delmas a, Dimanch 30 Oktob, 2022.

Otorite Ayisyen yo deklare Lendi yo pral mennen ankèt sou lanmò yon jounalis ki pran yon kou fatal nan tèt apre lapolis te tire gaz lakrimojèn pou dispèse yon gwoup ki te rasanble devan yon komisarya lapolis nan Pòtoprens Dimanch.

Romelson Vilsaint, yon jounalis radyo te fè pati yon gwoup ki te rasanble devan komisarya pou mande lapolis lage yon jounalis yo te arete pi bonè nan jounen an.

"Nou bay Enspeksyon Jeneral PNH la enstriksyon pou'l envestige ensidan an sa a pou detèrmine sikonsans yo, epi kiyès ki responsab," Chèf Lapolis Frantz Elbe di nan yon deklarasyon li pibliye.

Manifestan ak jounalis patisipe nan yon manifestasyon pou mande liberasyon jounalis Robest Dimanche devan komisarya lapolis nan Potoprens, 30 Oktob, 2022.
Manifestan ak jounalis patisipe nan yon manifestasyon pou mande liberasyon jounalis Robest Dimanche devan komisarya lapolis nan Potoprens, 30 Oktob, 2022.

Elbe di Vilsaint mouri lopital akoz blesi li te sibi nan tèt li, nan moman lapolis tap eseye pran kontwòl yon foul moun "move kou kong" ki tap pwoche komisarya a.

Radio Generation 80, stasyon kote Vilsaint te travay la di li te ale nan komisarya a ansanm ak plizyè lot jounalis ki tap mande yo lage konfrè yo.

Yon polisye tale badj pres yon jounalis apre Romelson Vilsaint te pran yon kou fatal nan tet epi mouri pandan yon manifestasyon pou mande liberasyon jounalis Robest Dimanch nan komisarya lapolis Potoprens la, 30 Oktob, 2022.

Ayiti ap fè fas ak zak vyolans gang yo, ak yon ogmantasyon ensekirite ki lakoz Nasyonzini ap diskite sou posibilite pou l ta voye yon fòs entèvansyon nan peyi a. Sepandan li poko klè ki peyi ki ta dirije yon fòs konsa.

Plizyè jounalis mouri anba bal ane sa a, e semèn pase a gen youn ki soti vivan apre yon tantativ asasina.

XS
SM
MD
LG